home
     

Edikasyon                Lidèchip                  Óganize                  Transfòmasyon

Fondal Natal
Flanbwayan Haitian Literacy Project (Flanbwayan) se yon òganizasyon manm ak bi non-likratif ki ede jèn ayisyen ki fèt vini Ozetazini antre nan yon lekòl ki ka ede yo aprann lang angle a byen, e ki bay yo tou sipò yo bezwen pou yo ka fini lekòl. Anmenm tan Flanbwayan angaje jèn moun sa yo nan la vi isit kòm jè n imigran, ede yo ajiste, entegre yo, konprann peyi an, ekspoze yo ak kèk sitiyasyon atravè aktivite kiltirèl ak sosyo-politik pou yo konprann ke jenn moun se on gwo fòs: se yo ki ajan chanjman ak transfòmasyon anndan kominote yo ak lavi pèsonel yo.

Mysyon Nou
Misyon Flanbwayan se pou nou pote chimen altènativ nan mitan yon gwoup etidyan sistèm nan mete akote; pou djayi limyè nan mitan kominote imigran yo; epi ankouraje inisyativ òganizasyon ak defans sout tout pwoblèm edikatif yon elèv ELL (k ap aprann lang Angle) ant 14 ak 21 an ka genyen. Nou ede fasilite jèn sa yo aksè nan sistèm isit la ki gen anpil opòtinite edikasyon men tou ki chaje ak pikan kwenna. Nou chache mete yo nan chimen pou yo rive atravè edikasyon transfòme reyalite yo ak reyalite fanmi yo.

Aktivite nou:
Enfòmasyon sou lek l
Segman chak semèn nan Radyo
Patisipasyon nan konferans ak diferan atelye
Fowòm chak mwa
Aktivite kiltirèl: dans fòlklorik, pwezi, teyat
“Outreac h” chache bay lòt jenn moun enfòmasyon
Óganize ak defann dwa lekòl pou imigran


Ki pouvwa jenn moun genyen
Nan tout kominote jenn imigran, nap jwen jenn moun k ap reyini, k ap òganize, pou yo mande chanjman, pou yo ka chanje kominote yo. Jenn moun genyen anpil pouvwa. Se yo ki fiti an. Li enpotan anpil pou jenn moun devlope vwa yo pou yo ka kòmanse kreye opòtinite non sèlman pou20tèt yo men pou tout rès moun yo. Flanbwayan se on òganizasyon jenn moun kote jenn yo se lidèchip òganizasyon an. Sa vle di òganizasyon an se pa yo. Se yo ki pou deside ki sa yo vle fè. Flanbwayan kreye espas la pou jenn moun ka reyini,mete tèt yo ansanm pou yo aprann, pou yo diskite non sèlman koze global men lokal tou ki afekte kominote nou an, tankou koze lekòl ak pwogram pou nouvo imigran. Nou kreye on espas pou jenn yo bay dizon yo nan mouvman pou chanjman nan sistèm edikasyon nan Nouyòk.

Mete pye w nan dlo
Vinn on manm si ou fet vini ozetazini e ou nan laj 14-21an.

pou plis enfòmasyon:
718-774-3037

josmene@flanbwayan.org